Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 24:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Men li di yo: — Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Gade chapit la Kopi




Matye 24:2
8 Referans Kwoze  

“Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale: “Sion va raboure kon yon chan, Jérusalem va vin yon pil mazi e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”


Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.


Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”


Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl?


Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite