Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 21:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Tout sa rive kon sa pou konfime pwofesi a:

Gade chapit la Kopi




Matye 21:4
9 Referans Kwoze  

Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;


Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.


Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.


Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,


“Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite