Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 10:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Sou tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen.

Gade chapit la Kopi




Matye 10:7
19 Referans Kwoze  

Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.


Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.


Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.


“Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”


Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.


“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.


Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.


Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.


Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.


Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.


Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite