Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 10:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Simon, zelòt la ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.

Gade chapit la Kopi




Matye 10:4
19 Referans Kwoze  

Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.


Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?” Yo te peze bay li trant pyès ajan.


“Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”


Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.


Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo.


Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm.


Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.


Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.


Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.


Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.


Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.


pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite