Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Malachi 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men, mwen rayi (repouse, deteste, pa fèb menm jan an pou) Ezayi ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezayi a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.

Gade chapit la Kopi




Malachi 1:3
26 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”


Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.


Men Mwen te rete rad sou Ésaü. Mwen te dekouvri kote kache li yo jiskaske li pa t ka kache menm. Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak li menm pa egziste menm ankò.


Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.


“Hatsor va vin yon kote pou chen mawon, yon kote dezole jis pou tout tan. P ap gen moun ki rete la, ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”


Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?


Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.


Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.


“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”


Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!


Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’


Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante.


Égypte va vin yon dezè, Edom va vin yon savann dezole, akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.


Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite