Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.]

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44

Gade chapit la Kopi




Mak 9:44
13 Referans Kwoze  

Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”


“Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan,


“E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè,


Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.


Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.


li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.


Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite