Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l?

Gade chapit la Kopi




Mak 8:36
17 Referans Kwoze  

Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.


“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.


Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale. Glwa li a p ap swiv li desann.


“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?


Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.


Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.


“Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vin pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?


Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite