Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Jezi di li: — Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon.

Gade chapit la Kopi




Mak 10:18
14 Referans Kwoze  

Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.


SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.


Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.


Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”


Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”


Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”


Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.


Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. Pa gen moun ki fè sa ki bon; pa menm yon sèl.


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.


Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite