Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lik 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad.

Gade chapit la Kopi




Lik 9:2
14 Referans Kwoze  

Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo,


Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.


“Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.


Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.


Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”


Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.


“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.


Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè. Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite