Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lik 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo.

Gade chapit la Kopi




Lik 13:1
8 Referans Kwoze  

Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?


Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.


Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.


E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.


Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?


“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite