Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lik 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: — Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.”

Gade chapit la Kopi




Lik 11:1
14 Referans Kwoze  

O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.


men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”


Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.


Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.


Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”


Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?”


Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”


Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite