Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 6:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 — Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 6:25
13 Referans Kwoze  

Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.


Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la.


“‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.


Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.


Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.


Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche.


Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.


Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout.


“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite