Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l, epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 6:12
14 Referans Kwoze  

epi pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.


Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.”


Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp.


Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.


“Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li.


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite