Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 26:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Si, atousa toujou, nou pa koute m, m'ap pini nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.

Gade chapit la Kopi




Levitik 26:18
10 Referans Kwoze  

Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.


Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.


paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.


Akoz tè sèch la vin fann, akoz pa t gen lapli sou peyi a; kiltivatè yo te vin wont. Yo te kouvri tèt yo.


Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.


‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.


Sila ki te gen vant plen yo vin vann tèt yo pou achte pen, men sila ki te grangou vin satisfè. Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite