Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 21:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an.

Gade chapit la Kopi




Levitik 21:22
19 Referans Kwoze  

Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.


“Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.


Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.


Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”


Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”


Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.


“‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a.


Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.


Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout.


“‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout.


Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.


Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”


Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite