Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 15:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè.

Gade chapit la Kopi




Levitik 15:19
10 Referans Kwoze  

Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.


“Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.


“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp.


Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trant-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli.


“‘Anplis, nenpòt kote li kouche pandan règ li a va vin pa pwòp, e nenpòt bagay kote li vin chita va pa pwòp.


“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.


oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp;


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite