Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 13:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 alò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 prèt la va egzaminen plak la. Si li genlè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fen fen ladan l, l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Gade chapit la Kopi




Levitik 13:30
5 Referans Kwoze  

“Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab,


Men si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou.


Nan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jon ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a,


Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite