Levitik 11:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen32 Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò. Gade chapit la1998 Haïtienne32 Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l san danje. Gade chapit la |