Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 N'a manje l yon kote ki apa pou Senyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Senyè a. Se sa Senyè a te ban m lòd fè.

Gade chapit la Kopi




Levitik 10:13
7 Referans Kwoze  

Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.


Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.


Sepandan, pwatrin ofrann balanse an lè la ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.


Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a.


Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.


Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite