Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gendwa sòti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:18
16 Referans Kwoze  

Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.


Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.


Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”


“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.


Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”


Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”


Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo. Se lènmi m san koz.


“Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’


Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.


Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite