Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 3:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la e te poze yon wòch sou mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

53 Yo lage m tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 3:53
9 Referans Kwoze  

Lè Jérémie te fin rive nan donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou.


Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”


Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.


“Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan. Li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske nanpwen pen ankò nan vil la.”


Yon wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel.


Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.


Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an.


Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.


Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite