Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”
Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’
SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.