“Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.
Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m, Nanpwen okenn ki ta ka konsole mwen, okenn ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.
Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.