27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”
Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.