Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Se konsa, Jozye voye yo ale. Y'al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.

Gade chapit la Kopi




Jozye 8:9
9 Referans Kwoze  

Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.


Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an.


Mesye a Béthel avèk Aï yo: de-san-venn-twa.


Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa.


Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.


Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï.


Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la.


Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”


Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite