Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 8:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men lòd li ba yo: — Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake.

Gade chapit la Kopi




Jozye 8:4
14 Referans Kwoze  

Wa a te leve nan lannwit lan e li te di a sèvitè li yo: “Mwen va pale ou koulye a sa ke Siryen yo gen tan fè. Yo konnen ke nou grangou; pou sa, yo te kite kan an pou kache yo menm nan chan an. Y ap di: ‘Lè yo sòti lavil la, nou va kaptire yo vivan e antre nan vil la.’”


Men Jéroboam te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo.


Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.


Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo.


Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”


Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la.


Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan.


Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad.


Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm.


Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske lè mesye Israël yo te bay teren an a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea.


Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.


Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la.


Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite