Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 5:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivay gwo lanmè Mediterane a vin konnen Senyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouray yo devan pèp Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




Jozye 5:1
32 Referans Kwoze  

Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.


Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”


Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)


manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò.


Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo.


Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.


Mwen va voye gèp devan nou pou yo pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou.


Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; dènye pwent latè yo tranble. Yo rapwoche; yo rive.


Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn.


Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”


Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.


Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.


Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”


Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.


men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.


Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”


Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan teren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li?


Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.


Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.


Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite