Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 24:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Jozye di pèp la konsa: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

Gade chapit la Kopi




Jozye 24:2
16 Referans Kwoze  

Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor.


Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;


Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.


Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.


Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.


Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”


Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.


Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.


Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.


Abram, ki se Abraham.


Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”


Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn.


fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,


“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite