Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 21:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye.

Gade chapit la Kopi




Jozye 21:4
9 Referans Kwoze  

Frè Héman an, Asaph te kanpe sou men dwat li, menm Asaph la, fis a Bérékia a, fis a Schimea a,


Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane.


Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.


Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.


Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a.


Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a.


Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite