Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 10:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon.

Gade chapit la Kopi




Jozye 10:3
19 Referans Kwoze  

Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.


Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.


Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.


Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò.


Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Adoraïm, Lakis, Azéka


lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.


Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.


Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)


Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo,


Se konsa yo te fè, yo te mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an.


Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li.


Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.


Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo. Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.


Humta, Kirjath-Arba, ki se Hébron, avèk Tsior; nèf vil avèk bouk pa yo.


Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.


Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite