Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 3:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, paske SENYÈ a rete nan Sion.”

Gade chapit la Kopi




Jowèl 3:21
8 Referans Kwoze  

lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.


Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.


Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.


“Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”


Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.


Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”


Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite