Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Fè antre boutdigo rekòlt la, paske rekòlt la vin mi. Vin mache foule anba pye, paske pèz diven an vin plen. Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou n'ap koupe pitimi. Kraze yo tankou kann y'ap moulen. Barik ji kann yo plen ap debòde.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 3:13
14 Referans Kwoze  

Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”


Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase.


Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.


“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an. Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”


Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo. Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze jennonm mwen yo. Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.


Ou menm tou, O Juda! Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm, lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.


Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo.


Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”


“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.


Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite