Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pat ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.

Gade chapit la Kopi




Jij 7:12
16 Referans Kwoze  

Fis Israël yo te deja rasanble avèk tout pwovizyon yo pou te ale rankontre yo. Yo te fè kan devan Siryen yo tankou de ti bann kabrit, men Siryen yo te ranpli peyi a.


Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la.


O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.


Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.


“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.


Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.


Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.


Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.


Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li.


Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”


Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite