Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan.

Gade chapit la Kopi




Jij 6:1
16 Referans Kwoze  

Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.


Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.


Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble.


Moab te di a ansyen yo a Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a.


Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo,


Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.


Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite