Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pat gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.

Gade chapit la Kopi




Jij 5:8
8 Referans Kwoze  

Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,


Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.


Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Lwen bwi achè yo, nan kote y ap rale dlo, la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a, zèv ladwati pou moun li yo an Israël. “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.


Aktivite abitan yo te sispann. Yo te sispann an Israël, jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve. Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite