Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Senyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te sòti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nyaj yo pran lage dlo.

Gade chapit la Kopi




Jij 5:4
13 Referans Kwoze  

Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a.


Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.


Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.


Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli. Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.


Nwaj yo te vide gwo dlo. Syèl yo te bay gwo kout loray. Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.


Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.


Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.


Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.


Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.


Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite