Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Y'al di Sizera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.

Gade chapit la Kopi




Jij 4:12
11 Referans Kwoze  

Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.


Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.


“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.


Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.


Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia.


Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo.


Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès.


Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.


Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon.


Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.


Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite