Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l. Debora ale avè l tou.

Gade chapit la Kopi




Jij 4:10
9 Referans Kwoze  

Epi wa Israël la te reponn li: “Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”


Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.


“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.


Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li.


Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.


Prens Issacar yo te avèk Débora. Tankou Issacar, konsa Barak. Nan vale a, yo te plonje dèyè talon li. Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.


Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.


Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.


Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite