Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Senyè a. Yo bliye Senyè a, Bondye yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.

Gade chapit la Kopi




Jij 3:7
28 Referans Kwoze  

Achab osi te fè Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo.


Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”


Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.


Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.


Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an.


Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.


Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.


Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo.


Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.


li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.


men yo te fè melanj ak nasyon yo. Yo te aprann abitid yo.


Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.


Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo. Yo pa t sonje lamou dous Ou, men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.


“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.


Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?


“Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou.


“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.


Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.


alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.


Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.


Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a.


Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.


Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.


Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’


Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite