Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l sou kwis pye dwat li, anba rad li.

Gade chapit la Kopi




Jij 3:16
10 Referans Kwoze  

Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt.


Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo,


Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an, nan bèlte Ou avèk majeste Ou!


Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.


Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.


“A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:


Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.


Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra.


Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite