Jij 21:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.” Gade chapit la1998 Haïtienne5 Lèfini, yo t'ap mande: — Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pat nan reyinyon nou te fè devan Senyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pat mete pye yo lavil Mispa devan Senyè a. Gade chapit la |
Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.