Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 21:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: “Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (12.000) sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: — Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun.

Gade chapit la Kopi




Jij 21:10
9 Referans Kwoze  

Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.


nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladann l, ni bèt li yo avèk lam nepe.


Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.


Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.”


Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.


Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la.


‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! Modi pèp ki rete la a nèt, akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisant yo.’


Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.


Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite