Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y'al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.

Gade chapit la Kopi




Jij 18:2
20 Referans Kwoze  

Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.


“Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?


Nan ba plèn nan: Eschathaol, Tsorea, Aschna,


Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch,


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.”


Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit.


Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.


Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.


Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica.


Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati.


Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica.


Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?”


Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”


Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.


Li te di: “N ap pase soti Bethléhem nan Juda pou rive kote ki pi izole nan peyi ti kolin Ephraïm yo, paske se la mwen sòti e mwen te ale Bethléhem nan Juda. Men koulye a, se lakay mwen mwen prale e nanpwen moun k ap ban m plas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite