Jij 17:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.” Gade chapit la1998 Haïtienne3 Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l. Manman an di l konsa: — Mwen te mete lajan an apa pou Senyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò. Gade chapit la |
Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.