Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li di m konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l jouk jou li mouri.

Gade chapit la Kopi




Jij 13:7
6 Referans Kwoze  

Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.


Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt, e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen. Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.


“Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,


Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp.


Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li.


Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite