Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y'al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.

Gade chapit la Kopi




Jij 10:9
13 Referans Kwoze  

Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha.


Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo.


Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa.


Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”


Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo.


Li te vin rive apre yon tan ke fis Ammon yo te goumen kont Israël.


Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem.


Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch.


Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.


Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite