Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 35:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 “Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 35:17
28 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.


Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.


Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; men SENYÈ a peze sa k nan kè l.


Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.


Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”


Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”


Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.


Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”


Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi.


pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute—


Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.


Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”


Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.


Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.


Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite