Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 31:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 31:30
14 Referans Kwoze  

Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”


Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.


Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.


Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou.


Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri.


Lè moun ladwati a kite ladwati pou komèt inikite, alò, li va mouri ladann.


Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou.


Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.


“Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.


Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite