Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Sove ale pa p posib pou bèje yo. Mèt bann mouton yo p ap chape.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:35
21 Referans Kwoze  

Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”


Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.


Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.


Tande kri a bèje yo, ak plent a mèt bann mouton yo. Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,


epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan lamen wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye.


Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


Men si ou pa ale deyò kote ofisye a wa Babylone yo, alò, vil sa va livre nan men a Kaldeyen yo. Epi yo va brile li ak dife e ou menm, ou p ap chape nan men yo.’”


Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo, e ou menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’”


“Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.


Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?


‘Konsa, li te meprize sèman an lè l te kraze akò a e gade byen, li te fè sèman li an, men gade tout bagay li te fè. Li p ap chape.’”


Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.


Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite