Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Ou te tankou yon fenmèl bourik mawon lage nan savann. Lè li anchalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe li? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:24
8 Referans Kwoze  

Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.


Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo, oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?


Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo. Y ap rale soufle fò tankou chen mawon. Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.


kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’


Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo.


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


Paske yo te monte Assyrie, kon yon bourik mawon pou kont li. Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite